HAITIAN PRODUCTION S.A

V.I.P SIW BEZWEN BON RAP NAN MENW AK BON JAN INFOMASYON SOU RAP KREYOL

5 août 2009

Ou jwenn bout mwen ZIN new song



Si yo di w m’ pa t’ janm kwè

Kwè lanmou ekziste

Se paske mwen avè w

Nou po t’ ko janm kwaze

Je n’ kontre nou pale

Kè m’ fete kè m’ chante

Bondye voye w pou mwen

Di m’ kenbe w ak de men

Si yo di w m’ pa t’ janm kwè

Kwè nan fidelite

Se paske kè m’ ak kè w

Pa t’ janm akòde

Jwe jwèt pran kou bay kou

Sispann avèk lanmou ou

Cheri anverite

Ou fè kè m’ pran dife

Se premye fwa sa rive m’

Se premye fwa sa pase mwen cheri

Genlè ou jwenn bout mwen

Ou jwenn bout mwen doudou

Si yo di w m’ pa t’ janm kwè

Gen plis pase bote

Se paske n’ pat pale

Pou m’ kwè ou chaje kapasite

Tu es la plus belle au monde

La plus intelligente

Ta beauté, tes paroles

M'enivrent et me charment

Si yo di m’ pa t’ janm kwè

Kwè nan etènite

Di yo lanmou m’ pou ou tache

Mwen pap janm dekole

A genou à tes pieds

Fais moi ton prisonnier

Ma vie entre tes mains

Jusqu' à la fin des fins

Se premye fwa sa rive m’

Se premye fwa sa pase mwen cheri

Genlè ou jwenn bout mwen

Ou jwenn bout mwen doudou

Avan mwen te jwenn lanmou sa a

Mwen m’ pa t’ janm jwenn ni bay lanmou konsa

Avan ou mwen t’ ape viv

Avè ou m’ gen tout rezon pou m’ viv

Ou konn tout mès mwen tout defo mwen

Tout sa k’ fè m’ mal tout sa k’ fè m’ byen

Ou konn pwen fèb mwen ou konn pwen fò mwen

Ou konnen m’ byen pi byen pase m’ konn tèt mwen

Se premye fwa sa rive m’

Se premye fwa sa pase mwen cheri

Genlè ou jwen bout mwen

Ou jwenn bout mwen doudou

Kote m’ ye la mwen byen

M’ ap kanpe avè ou

Pi byen pase sa pa genyen

M’ ap kanpe avè ou

Tout moun sezi wè mwen

M’ ap kanpe avè ou

Sezi wè jan ou chanje mwen

M’ ap kanpe avè ou

Ki di mwen di ou

M’ ap kanpe avè ou

Ki di ou di mwen tou doudou

M’ ap kanpe avè ou

Vi m’ avè ou tèlman bèl

M’ ap kanpe avè ou

Chak jou m’ di mèsi letenèl

M’ ap kanpe avè ou

Ou se sous enspirasyon m’

M’ ap kanpe avè ou

Ou k’ imajinasyon m’

M’ ap kanpe avè ou

M’ vle n’ vyeyi ansanm

M’ ap kanpe avè ou

Pou figi n’ fè rid ansanm

M’ ap kanpe avè ou

M’ vle n’ wè pitit nou grandi ansanm

M’ ap kanpe avè ou

Jwe ak pitit pitit nou ansanm

M’ ap kanpe avè ou

Dodinen kabicha ansanm

M’ ap kanpe avè ou

Fè dènye vwayaj la ansanm

Se premye fwa sa rive m’

Se premye fwa sa pase mwen cheri

Genlè ou jwenn bout mwen

Ou jwenn bout mwen doudou

Mèsi bondye

Ki fè n’ kontre

Nou fè yon sèl

Lanmou n’ pi bèl

Toi et moi pour la vie

Notre amour est infini

Je ne vis que pour toi

Et tu n’existes que pour moi

Kè nou byen akode

Lanmou nou byen soude

Li pa ka dekole

Li la pou letènite

Aucun commentaire: